Barcelone gen gwo pwoblèm ak jistis espanyol la

Daprè jounal  » El Pais » pakè nan peyi  Espay deside pouswiv ekip Barclone nan pou koripsyon, aprè klèb la te fin bay yon valè lajan ak ansyen vis prezidan komisyon k ap jere abit yo, José Maria Negreira. Menm ansyen prezidan Barcelone lan,  Josep Maria Bartomeu gen pwoblèm ak jistis espanyòl la, pou menm dosye sa a.

Aprè dosye lajan an, FC Barcelone te bay ansyen vis prezidan komisyon kap jere abit yo, jodi madi a, lajitis nan peyi Espay deside pouswiv FC Barcelone ak tout ansyen prezidan Barcelone lan, Josep Maria Bartomeu, pou koze koripsyon.

Jistis Espanyòl ki fè konnen, 6 milyon ewo Barcelone te bay ansyen abit la, soti nan lane 2001 pou rive 2018, se yon pratik koripsyon, nan sa ki gen pou wè ak aspè komèsyal epi espòtif.

N ap raple, dosye sa ki toujou ap fè chimen lan, gen posibilite pou l ta ofisyèl mekrèdi 8 mas 2023 a. Yon lòt bò, José Maria Enriquez Negreira, p ap kapab responsab pèn li yo nan dosye sa, paske, li gen pwoblèm yon twoub mantal  ki rele Alzheimer.

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *